Data Loading...
Waste Pro Issue 19, 2022 (HC) Flipbook PDF
Waste Pro Issue 19, 2022 (HC)
130 Views
42 Downloads
FLIP PDF 1.22MB
Waste Pro Djanm & An Sante Bilten Nimewo 19, Ete 2022
NAN NIMEWO SA A: • • • • • •
Webinè Medicare Disponib Imajri Medikal GRATIS Premye Swen Vityèl GRATIS Fwa Sante Vityèl Quantum Health Ap Benefis Lan Epi Plis Ankò!
Jwenn maksimòm avantaj nan benefis anplwaye ou yo! Si ou enskri nan yon plan medikal, enskri pou Teladoc pou Swen Sante GRATIS! – Genyen vizit Swen Primè Vityèl ki disponib kounyè an! Egzamen Byennèt kapab fèt avèk sèvis sa a. Jwenn plis enfòmasyon sou paj 3. – Swen medikal 24/7 pou bezwen medikal ki pa ijan tankou pa egzanp grip, enfeksyon nan sinis, alèji, ets. – Sipò pou byennèt mantal ou ki sekirize, diskrè epi konfidansyèl. – Yon pwogram pou sispann sèvi avèk Tabak/Nikotin. Anplwaye yo ki pa sèvi avèk Tabak/Nikotin pral resevwa yon kredi sou prim nan plan medikal lan. Èske ou bezwen asistans avèk yon bil, pou jwenn yon doktè, oubyen jwenn estimasyon sou yon pri? Kowòdonatè Swen nan Quantum Health yo prè pou ede ou! Telefone 855-497-1231 oubyen vizite www.Mywpqhealth.com. Egzamen Byennèt yo kouvri 100% anba plan medikal lan, veye pou ou fin fè youn nan chak ane avan dat 30 avril lan pase pou kapab resevwa yon kredi byennèt. Sèvis Imajri Dyagnostik Gratis ki enkli nan enskripsyon medikal ou a travè konpayi Green Imaging. Aprann plis sou paj 3. Èske ou enskri nan yon plan medikal epi wap pran randevou pou yon entèvansyon chirijik? Telefone SurgeryPlus, koasirans avèk dediktib ou yo anile pou sa epi sa kapab fè ou ekonomize plizyè milye dola! Jwenn maksimòm Ekonomi sou Preskripsyon ou yo lè ou chwazi yon mak jenerik oubyen yon mak prefere epi tou yon famasi ki ofri pri rabè. Vizite sant referans lan nan adrès www.Mywpbenefits.com pou jwenn yon list ki a jou. Si ou enskri nan yon plan Vizyon, veye pou ou pwofite de pwogram frè inivèsitè ki rele College Tuition Program lan. Pwen rekonpans pou frè inivèsitè yo kapab sèvi nan plis pase 400 Kolèj avèk Inivèsite 4 An. Pou plis enfòmasyon, vizite sant referans lan nan adrès www.Mywpbenefits.com.
Byenvini nan Bilten Waste Pro Djanm & An Sante pou 3yèm Trimèst (jiyè-septanm) 2022. Nou espere oumenm avèk fanmi ou apresye fason sa a pou kenbe ou enfòme sou enfòmasyon enpòtan sou benefis Waste Pro, ti konsèy pou sante ou epi plis ankò!
Anplwaye ki ta vle resevwa v`esyon an nan lang Panyòl oubyen Kreyòl bilten sa a kapab jwenn yo nan divizyon yo.
Aktyalite/Nouvèl Konpayi an
Gayan Enskripsyon Anyèl yo! Anplwaye yo ki fin fè sondaj anyèl sou enskripsyon an te gen non yo ki te antre nan yon tiraj pou youn nan twa Kat Kado $250. Sa ki telechaje yon foto yomenm avèk otokolan "I enROLLed" lan te gen non yo antre yon dezyèm fwa! Nou di MÈSI pou 166 anplwaye yo ki te patisipe nan tiraj lan! Felisitasyon pou 3 gayan nou yo!! Non Anplwaye an:
Divizyon
John Talley
111 Lake City
Andrew Coots
122 Citrus
Denise Delancy
108 Putnam
Gayan Enskripsyon Quantum Health yo! Nap di yon gwo FELISITASYON pou tou le 10 gayan nou yo! Nou te genyen 411 anplwaye, 21 mari/madanm epi 2 depandan ki te enskri pou sit entènèt Quantum Health lan avan dat 30 avril 2022 an te pase.
Webinè Medicare
Calvin Barnett – 121 Dylan Elson – 109 Jason Mickey – 607 Tiffany Reeves – 613 Octavius Veargis – 117 Vivian Wood – 101 Tyrone Conley – 502 Steven Nails – 122 Sandra Corbin – 118 Andy Perez Garcia – 117
Patisipe avèk nou nan Microsoft Teams:
Èske oumenm oubyen yon moun ou konnen pral rive nan laj 65 an? Èske ou pa klè sou afè Medicare? Nou kapab ede!
Mèkredi 28 septanm 2022 5:30 pm – 6:00 pm EST
Pami sijè yo genyen:
Kisa ki Medicare? Kisa anplwaye Waste Pro yo gen pou konprann sou Medicare avèk benefis Waste Pro yo? Kestyon & Repons
Skane kòd QR lan pou antre nan reyinyon an Antre pa telefòn: 1-904-420-3168 ID Konferans pa Telefòn: 146 895 182 Paj 1
Viv Byen Sante Mantal: The Lifeline epi 988 Strès, angwas, epi depresyon se bagay ki kouran, men genyen fason pou ede ou santi ou pi byen. Lè ou sèvi avèk teknik sa yo pandan tout jounen travay ou kapab ede ou jere strès ou, santi ou pi byen, epi reyalize plis travay. Respire Pwofondeman
Lè ou respire kèk bon kou sa kapab bese tansyon ateryèl ou epi ralanti batman kè ou. Chwazi yon chif, tankou pa egzanp 25, epi konte a rebou nan chak respirasyon jiskaske ou rive nan nimewo 1. Al Mache
Pou kase sik strès lan fizikman, mache fè tou katye ou oubyen ale nan yon pati diferan nan bilding ou. Pran Tan pou Reflechi
Poze tèt ou kestyon: Èske map fè sa mwen vle avèk vi mwen? Èske desizyon mwen te pran yo otantik, oubyen èske map viv selon atant yon lòt moun? Ki mezi mwen kapab pran pou amelyore vi mwen? Ou kapab kontan fè yon travay stresan si se yon travay ou vreman renmen fè. Travay lan pa genyen okèn move efè sou sante ou paske ou te pran bon desizyon an epi ou genyen kontwòl. Ou kòmanse genyen pwoblèm avèk maladi ki gen rapò avèk strès lè ou pèdi kontwòl vi ou.
988 se kòd telefòn twa chif lan ki kapab oryante ou nan liy dijans anti-swisid ki rele National Suicide Prevention Lifeline lan. Lè ou telefone, voye SMS, oubyen tchat nan 988, ou pral jwenn koneksyon avèk konseye ki genyen fòmasyon epi ki pral koute, konprann kòman pwoblèm ap afekte ou, bay sipò, epi mete ou an kontakt avèk resous si sa nesesè. Menm avèk kòd telefòn twa chif lan, nimewo telefòn Lifeline lan (1-800-273-8255) pral toujou rete disponib pou moun ki nan detrès emosyonèl oubyen nan yon kriz kote yo ta tiye tèt yo.
Se yon bagay enpòtan pou ou byen veye sou sante ou lè ou anba gwo strès. Tcheke byen pou konnen kijan ou santi ou, fè sa yon priyorite pou ou pran swen tèt ou epi adopte yon mòd de vi ki sen, tankou pa egzanp dòmi kont èdtan, fè egzèsis, manje sa ki bon pou ou epi bwè kont dlo. Sonje, pa genyen okèn pwoblèm si ou mande moun ede ou lè ou bezwen sa.
Pwoteksyon kont Solèy la pou Zye ou Linèt Solèy pou zye se tankou krèm anti-solèy pou po. Lè yo bloke reyon UV yo, linèt solèy anpeche moun pèdi vizyon epi pran lòt maladi nan zye ki kapab rive apre yo ekspoze pandan lontan avèk UV san yo pa pwoteje. Veye pou linèt solèy ou pwoteje ou kont radyasyon UVA e UVB. Si ou pote linèt ki korije vizyon ou, veye pou yo genyen yon kouch pwoteksyon 100% kont UV. Sonje tou menm lè genyen nyaj nan syèl lan, reyon solèy yo pase kanmenm, donk se yon bagay enpòtan pou ou pwoteje tèt ou kont reyon UV solèy lan kèlkeswa jan meteyo an ye. Domaj nan zye reyon UV yo koze se yon mal ki silansye jiskaske domaj lan deja fèt epi sa kapab afekte tout moun, e granmoun e timoun. Fè sa yon aktivite pou tout fanmi an pou pwoteje zye tout moun lè nou tout mete linèt solèy epi jwenn pwoteksyon kont solèy lan. Lè wap chwazi linèt solèy ou, men kèk ti konsèy pou ou konsidere: Tcheke wè si yo genyen pwoteksyon 100% kont UV, pou ou kapab asire yo bloke reyon e UV-A e UV-B. Chwazi stil yo ki anvlopan - sètadi sa ki vlope bò tanp ou tou paske yo genyen plis chans pou yo bloke reyon solèy la sou kote tèt ou. Mete linèt solèy menmsi ou mete lantiy kontakt - si ou mete sèlman lantiy kontakt sa pa pwoteje zye ou kont reyon UV yo. Anplis de linèt solèy, mete yo chapo ki genyen bò ki laj pou ou kapab jwenn plis pwoteksyon. Paj 2
Kwen Benefis Green Imaging Waste Pro kontan ofri bonjan kalite imajri pou oumenm avèk fanmi nou a travè konpayi Green Imaging. Kowòdone chemen pou imajri gratis Path to Free Imaging lè ou swiv etap sa yo.
Etap 1: Fason pou demare pwosesis lan a) Doktè an voye lòd lan bay Green Imaging, oubyen b) Referans ki soti nan Quantum Health, oubyen c) Telefone Green Imaging dirèkteman.
Etap 2: Voye yon tèkst nan nimewo: 713-524-9190 Silvouplè mete non ou avèk ZIP kòd ou, yon foto preskripsyon doktè ou, epi non Gwoup lan (WASTEPRO)
Etap 3: Fasilitatè Green Imaging ou an pral pran randevou pou entèvansyon ou an epi voye yon koupon ba ou pou sèvis lan.
Etap 4: Lè ou ale nan randevou ou, montre Koupon Green Imaging ou an.
Etap 5: Yo pral voye rapò sou egzamen ou an bay doktè ou an ki te bay referans lan.
Primary 360 avèk Teladoc Primary360 se nouvo benefis swen primè vityèl ou ki ede ou pran kontwòl sante ou - e nan lespri e nan kò ou. Pran yon randevou pou yon tchèkòp anyèl oubyen swen kontinyèl avèk doktè jeneralist ki rele primary care provider (PCP) ou chwazi an. Sa deja enkli nan benefis ou yo! Pran yon randevou pou tchèkòp anyèl vityèl ou jodi menm epi pran kontwòl sante pa ou.
Kisa ki enkli nan Primary360: Tchèkòp anyèl ou epi swen kontinyèl ou kapab pwograme nan kèk jou Aksè san limit nan yon Ekip Swen ki la pou sa
Referans avèk spesyalist ou kapab wè an pèsòn (epi ki anndan rezo an) si sa nesesè
Yon plan swen pèsonalize avèk etap klè pou mentni sante ou Yon opsyon swen doktè jeneralist vityèl pou ede ou jere swen sante ou. Pran randevou pou swen primè vityèl avèk yon Doktè Swen Primè ki anndan rezo an, lendi-vandredi soti nan 7am jis 6pm epi samdi soti nan 7 am jis 12pm (sòf jou ferye federal). Egzamen Byennèt kapab fèt avèk sèvis sa a. Paj 3
Kwen Benefis Quantum Health Ou pa enskri nan MyQHealth? Enskri jodi menm.
Kowòdonate Swen yo pral disponib pou ede lè yo bay repons sou sa ki gen pou wè avèk swen sante tankou; kestyon sou preskripsyon, asistans avèk règleman epi egzijans asirans sante, ekonomi pou fè a travè founisè ki anndan rezo epi medikaman jenerik, epi plan swen ki pèsonalize.
Pòtay pou manm nan MyQHealth lan ba ou aksè nan enfòmasyon enpòtan sou plan sante an, reyini nan yon sèl kote.
Kenbe Dat lan: Fwa Sante Vityèl lan pral kòmanse 1ye septanm Jwenn plis enfòmasyon nan Fwa Sante Vityèl MyQHealth 2022 an, yon eksperyans dijital ki pral prezante ou bay Kowòdonatè Swen MyQHealth yo epi montre ou kòman yo pral fè tout sa ki nesesè pou ede ou jwen maksimòm avantaj nan benefis ou.
Swiv pwogrè wap fè sou dediktib ou. Tcheke dènye reklamasyon ou fè yo. Analize benefis ou. Fè yon tchat avèk yon Navigatè.
MYWPQHEALTH.COM 855-497-1231 (lendi-vandredi, 8:30 am – 10 pm. ET)
Genyen bonjan rekonpans! Teste konesans ou sou navigasyon swen sante an pou ou kapab jwenn yon chans pou genyen! Pami pri yo genyen aparèy pou masaj Trakk, wo palè pòtab entelijan Sonos RoamTM, epi gwo lo an - yon iPad!
Telechaje ap lan: MyQHealth - Kowòdonatè Swen
Veye pou lè ou resevwa Nouvo Kat ID yo! Anplwaye yo pral resevwa nouvo kat ID nan fason sa a: • Medikal (BSBS/Quantum) – Tout manm ki enskri yo • SurgeryPlus Tout manm ki enskri nan plan medikal lan • Dantè (Guardian) Nouvo enskripsyon sèlman • Vizyon (Superior) Nouvo enskripsyon sèlman • Kont Depans Fleksib (Wex) – Nouvo enskripsyon oubyen kat ki ekspire sèlman • Legal (ARAG) Nouvo enskripsyon sèlman
Paj 4
Byennèt Finansye Pran Swen Sante Finansye ou
Nap Prezante Sant Byennèt Finansye an Yon hub dijital pou anplwaye Waste Pro USA yo pou ede jere finans kotidyen, reyalize objektif finansye yo, epi pwoteje kont risk finansye.
Kòmanse isit - vizite Sant Byennèt Finansye an www.prudential.com/wasteprousa Skane kòd QR lan avèk kamera telefòn ou oubyen yon ap pou skane QR. Ou pral jwenn resous entèyaktif ki fasil pou itilize tankou pa egzanp: Evalyasyon Byennèt Finansye Swiv sa kap Pase avèk Bidjè Lajan ou Tou Solisyon Jestyon Kredi avèk Dèt GreenPath ofri Sèvis Sipò pou Moun kap Bay Swen Wellthy ofri Zouti Asistans pou Prè Etidyan pou peye lekòl yo Vault ofri Optimizan Sekirite Sosyal Zouti pou Kalkile Pri Swen Sante Webinè chak mwa ki konplete seminè fòmasyon sou plas nou epi anpil lòt bagay...
Anplis de sa, ou kapab jwenn aksè nan yon biblioyotèk ki genyen plis pase 300 atik avèk videyo Eksplore diferan fason Sant Byennèt Finansye an kapab ede ou favorize sante finansye ou.
Paj 5
Konesans se Pouvwa Pran Kontwòl Sante ou: Bwè plis Dlo Se yon bagay enpòtan pou sante jeneral ou pou ou bwè ase dlo. Dapre Mayo Clinic, an mwayèn, se pou gason konsome twa lit (anviwon 13 vè) likid chak jou, epi fanm dwe bwè 2.2 lit (anviwon 9 vè). Depandaman de laj ou, nivo aktivite ou, stati sante ou, kote ou ye epi si ou ansent oubyen wap alete yon bebe, ou kapab bezwen plis oubyen mwens. Itilize ti konsèy sa yo pou ou kapab asire ou bwè ase dlo chak jou: Jwenn yon boutèy dlo ki amizan epi reyitilizab. Pafwa tout sa ou bezwen pou motive ou pou bwè plis dlo se yon gwo boutèy dlo ki gen yon bèl desen amizan sou li.
Swivkantite dlo ou konsome. Sou plizyè ap sante avèk bon fòm fizik, ou pral kapab swiv kantite ons dlo ou bwè chak jou, epi sa kapab ede ou bwè plis dlo.
Fè sa yon pati nan woutin ou pou bwè dlo. Si wap eseye antre nan abitid pou bwè plis dlo, eseye pwogram yon lè nan orè ou chak jou kote ou bwè yon vè ranpli dlo plizyè fwa chak jou.
Fè sa vin yon tchalenj. Bay yon zanmi ou, yon moun nan fanmi ou oubyen yon kamarad nan travay ou defi pou bwè plis dlo chak jou. Ou pral youn swiv lòt pou kontwole kantite dlo ou bwè, epi sa kapab souvan ede ou bwè plis dlo.
Ap Benefis Waste Pro an Jwenn aksè nan enfòmasyon benefis ou nenpòt lè, nan nenpòt kote!
Quantum Health: Jwenn aksè nan Kowòdonatè Swen ou pou ede avèk reklamasyon, founisè swen, kat ID, epi lòt kestyon sou benefis.
Telechaje Ap lan Jodi Menm! Teladoc: Pale avèk doktè, pedyat, epi terapist pou rezoud pwoblèm medikal ki pa ijan.
Sant Benefis lan: Etidye benefis ou genyen kounyè yo epi jwenn asistans pou kapab enskri.
Famasi: Jwenn famasi ki vann a pri rabè, enfòmasyon pou kòmande nan lapòst epi list medikaman ki gen kopeman zewo.
Kontakt Benefis: Jwenn aksè nan tout enfòmasyon kontakt pou chak founisè benefis.
SurgeryPlus: Pale avèk yon defansè pou swen sou fason pou fè ekonomi sou chiriji ki pa ijan.
Paj 6
Se yon bagay ki fasil - swiv ti etap senp sa yo!
1. Telechaje
2.
–
Ale nan App Store Apple oubyen Android ou
–
Chèche "The Benefits App" epi telechaje
Kreye yon Kont –
Ouvri Ap lan epi mete kòd aksè ou: wastepro
Manje Byen Tako Pwason ki Pafè
Pou 4 Pòsyon | Tan Preparasyon: 20 Minit | Tan Total: 35 Minit Engredyan
Preparasyon
1. Nan yon bòl tay mwayen ki pa pwofon, melanje lwil doliv, ji sitwon, paprika, poud chili, kimen, avèk pwav wouj. 2. Mete lanmori fre an, epi melanje jis li byen kouvri. Kite li marine lan pandan 15 minit.
3 kiyè a soup lwil doliv ekstra vyèj Ji yon sitwon vèt 2 kiyè a soup poud chili 1 kiyè a kafe paprika 1/2 yon kiyè a kafe kimen ki moulen 1/2 yon kiyè a kafe pwav wouj 1 1/2 liv lanmori fre (oubyen nenpòt lòt pwason ki gen vyann blan) 1/2 kiyè a soup lwil vejetal Gwo Sèl Pwav nwa ki fèk moulen 8 tòtiya mayi 1 zaboka, koupe nan ti moso Tranch sitwon, pou sèvi a pa Sour cream, pou sèvi a pa
Pou Pikliz Mayi an:
1/4 tas mayonèz Ji yon sitwon vèt 2 kiyè a soup silantwo ki fèk rache 1 kiyè a soup siwo myèl 2 tas chou vyolèt ki rache 1 tas grenn mayi 1 piman jalapeño
Sous: delish.com
3. Antretan, prepare pikliz lan: Nan yon gwo bòl, melanje mayonèz, ji sitwon, silantwo, epi siwo myèl. Ajoute chou, grenn mayi epi piman jalapeño an. Asezone avèk sèl epi pwav.
4. Nan yon pwalon anti-adezyon sou yon dife mwayen, chofe lwil vejetal lan. Retire lanmori fre an nan likid lan epi asezone li sou toulede bò filè an avè sèl epi pwav. Ajoute pwason an avèk vyann lan anba. Kwit li jis tan pwason an opak epi li kwit jis anndan, pandan 3 a 5 minit sou chak bò. Kite li repoze pandan 5 minit avan ou rache li avèk yon fouchèt. 5. Monte tako yo: Sèvi pwason an sou tòtiya griye yo avèk pikliz mayi an epi zaboka an. Prije ji sitwon an epi mete krèm si an sou yo.
Mo Mele COLEADT NRGEE GMNGAII UULESSYRRGP NOWADOTOKE WENS
Repons Mo Mele
NAGYA
Teladoc Green Imaging SurgeryPlus Kowòdonatè Swen Gayan Fwa Sante Linèt Solèy Sante Finansye Idratasyon Resèt
WAF NATSE ANTSE NFIYSEAN TILEN YOSLE NODSYTARIA STERE Sous: themediterraneandish.com
Paj 7